Photography
Official Obituary of

Sergelin Guy Theodore

September 25, 1989 ~ December 26, 2025 (age 36) 36 Years Old

Sergelin Theodore Obituary

Sergelin te fèt 25 septanm 1989 nan Pòtoprens, apre yon nesans ki te prèske koute manman l ak li menm lavi yo. Se pa yon ti mirak Bondye te fè jou sa a, e depi lè sa a, lavi li te

make pa yon anfans frajil ak anpil lanmou.

Depi timoun, Sergelin te yon moun ki toujou mete kò l apa, li te òdone, disipline e endepandan. Dèyè aparans sevè li pafwa, te gen yon kè sansib, jenere, janti e sèvyab.

Nan dènye ane yo, lavi li vin gen gwo chanjman akòz ensekirite nan peyi nou, ak deplasman fanmi an ki fè li vin ap viv lwen pwòch li nan vil Okap. Men pi gwo benediksyon lavi li se fonde pwòp fwaye pa li epi vin papa yon bèl pitit fi li ke te renmen san limit. Lanmou l pou pitit sa a te manifeste pa sans reponsablite li, lajwa, ak fyète li. Menm si li viv eksperyans patènite sa a pou yon ti tan sèlman, lanmou sa a ap kontinye viv nan pitit li atravè tout fanmi an.

Nan dènye etap lavi li, Sergelin te antre nan yon relasyon pwòch ak Bondye. Lafwa li te grandi, lavi li te transfòme, lapriyè ak pawòl levanjil te vin gen gwo plas jounen li. Li te mete tout konfyans li nan Bondye, menm nan moman difisil.

26 desanm 2025 bonè nan maten, Sergelin kite lavi sa a britsoukou. Dènye mo li se te yon lapriyè kote li remèt lavi li bay Kreyatè a e mande padon pou tout fot li yo. Depa li kite yon gwo vid, men li raple nou fragilite lavi a, enpòtans lafwa, lanmou, ak esperans.

Nou remèsye Bondye pou lavi Sergelin, pou lanmou li te simen, pou fòs ak lapè Li bay fanmi an, e nou pran angajman pou kontinye pote limyè ak valè li te kite dèyè jiska dènye souf nou.

Ankourajman ak remèsiman

Kouraj a manman nou Manman Zie, nou koube n byen ba devan fòs ou manman, nou pataje soufrans li e n ap ba ou tout sipò nou kapab. Kouraj a frè l, sè l Yvulson ak Donaldzie. Kouraj ak Fabianna ki pataje 4 dènye ane sa yo ak Sergelin e ki ba li gwo trezò sa ki se pitit fi yo Aelle. Papa nou ki anwo a ap kanpe avèk ou e tout fanmi an avè w. Se pa yon pwomès, se yon asirans, se yon angajman. Kote Sergelin ye a, l’ap fyè de kote Bondye ap mennen ou menm ak Aëlle.

Nou vle di yon gwo mèsi ak chak grenn moun ki kore nou depi jou trajedi sa jiska jodia, e kap kontinye akonpaye fanmi sa a menm aprè. Mèsi anpil a Vwazen e zanmi Sergelin te gen Okap ki kontinye akonpaye fwaye li jis jodia. Mèsi ak Vwazen Jose, Kenold Delmas, Francois Theodore ki te asiste Sergelin lopital, oswa akonpaye li nan mòg, oswa ki fasilite premye demach yo pou nou. Yon gwo mèsi a Fanmi Joseph ki chèche tout kontak posib, fè tout mwayen posib pou  kò frè nou vin jwenn nou isit la pou nou ba li yon dènye omaj, e ki pa janm lage nou yon jou, ki kanpe fèm ak nou nan lafwa ak lapriyè.

Chapo ba pou Mme Myrtho Cherichel-Unity Memorial, ki te ba nou asirans ke vwayaj sa ap posib malgre tout obstak ki te prezaate nan pwosesis difisil e long sa a. Mèsi a Wilner Romeus ki brave gwo danje, janbe wout bandi atè, sou lanmè jiskaske l anbake kò frè nou pou yon dènye vòl.

Mèsi anpil a legliz Apopka Franco Haitian SDA church ki akeyi nou pou e ki pran an chaj òganizayon sèvis sa a.

Mèsi a kominote Calvary Baptist Church pou sipò imans yo ak tout jès lanmou yo.

Mèsi ak tout fanmi de san ou pa alyans ki temwaye lanmou yo yon fwa ankò, Mèsi a tout zanmi, tout pwòch ki kenbe nou nan lapriyè, ki vizite nou, ki ofri nou tan yo, tout kalte èd, ki toujou ankouraje nou ak mesaj rekonfò.

Tout vwazen nou nan Avni Muller ki kenbe nou fèm pandan moman difisil sa a, tout moun ki ofri patisipasyon ak jenewozite yo, tout moun ki kite aktivite yo pou fè deplasman pou vin kore nou jodia, tout moun Ayiti nou yo, tout moun ki pa ka deplase men ki ap pataje doulè sa ak nou.

Nou rekonesan anpil, n ap kontinye renmen nou anpil, n ap kontinye renmen moun jiskaske jou pa nou jan rive pou nou janbe tou, pou n al selebre nan lòt bò a, nan bon bò a, nan Letènite Beni a.

 

To send flowers to the family or plant a tree in memory of Sergelin Guy Theodore, please visit our floral store.


Services

Viewing
Sunday
February 8, 2026

9:00 AM to 10:00 AM
Apopka Franco Haitian SDA Church
1201 Tilden Ave.
Apopka, FL 32703

Funeral Service
Sunday
February 8, 2026

10:00 AM
Apopka Franco Haitian SDA Church
1201 Tilden Ave.
Apopka, FL 32703

SHARE OBITUARY

© 2026 Unity Memorial Funeral Home East. All Rights Reserved. Funeral Home website by CFS & TA | Terms of Use | Privacy Policy | Accessibility